Yon lespwa, yon relijyon, yon randevou ak limyè
Anpil Ayisyen pa janm bliye santiman lanmou ak eksitasyon yo te konn genyen lè yo t ap tounen paj liv “M ap li ak kè kontan” pandan ane lekòl primè yo. Liv sa a, ki se yon patrimwàn vivan, te yon pòtay pou plizyè jenerasyon antre nan linivè mo, imajinasyon ak lespwa. E jodi a, Boukinis, nan pasyon li pou mete liv ak limyè a nan men tout moun, lanse « N ap li ak kè kontan » : yon nouvo batay, yon nouvo mizik, yon seremoni kolektif kote lekti tounen yon fèt.
Yon mouvman senp, men revolisyonè
« N ap li ak kè kontan », se pa sèlman yon atelye lekti. Se yon rale nanm, yon envitasyon pou retounen kote kè a konn bat ak limyè mo yo. Se tankou nou ta di:
“An nou rale chèz nou, an nou louvri kè nou, an nou pale ak lespri nou, nan vwa otè yo.”
Nan kad sa a, chak sesyon se yon randevou senbolik kote plizyè dizèn moun ap mete tèt ansanm pou li pandan 2 èdtan, bay mo yo tan pou danse nan bouch, fè lide yo vole, kite imajinasyon fè drapo sou lespwa. Chak moun ka vini ak liv pa li, chak patnè ka pote yon mèvèy, e ansanm, nap bati pi gwo bibliyotèk ki ka egziste : yon bibliyotèk vivan kote lekti se zafè pèp.
Yon vwa pou silans yo, yon limyè pou fè nwa yo
Lè nou li ansanm, nou refè lyen ant sa ki te kase yo. Nou remarande ak timoun anndan nou an. Nou kite plas figiran pou nou rekanpe nan pyès la antanke aktè pwòp lavi nou. Nou chita sou ti chèz ba noua k liv nou pou nou bouske lavi, konprann, rale lespwa anba pelen tèt. Lè nou li ansanm, nou ekziste ansanm e nou pi fò.
« N ap li ak kè kontan » vle rann lekti tounen sa li te toujou dwe ye a :
27 jiyè 2025 : Se pa yon evènman, se yon revolisyon silansye
Premye edisyon pwogram nan ap fèt dimanch 27 jiyè 2025. Yon dat senbolik. Yon souf fre nan mitan sezon cho a. Nap tann tout moun ki kwè lekti ka sove, ki panse mo ka geri, ki konprann vwa anndan liv pa sèlman rakonte istwa, men konn manyen kè.
Se pa yon klas, se pa yon leson, se pa yon seminè, men pito yon libète. Se yon rasanbleman kote n ap li ak kè, ak kò, ak tout egzistans nou.
Nou swete ou vini, ou pataje, ou chante avèk nou. Pote liv ou, pote zèv ou, pote kè ou.
Paske… Li sipoze fèt ak kè kontan.
Boukinis. Poutèt lekti, se limyè.
© Tout dwa rezève. reyalizasyon: Bing Bong Studio